Etap aplikasyon pou yon rabè bisiklèt elektrik

  1. Tcheke elijiblite ou
    • Revize kritè pwogram lan pou asire w ke ou kalifye. Si w ap aplike pou $1200, asire w ke ou ka pwouve nivo revni ou kalifye anvan ou soumèt li. Y ap mande w dokiman sa yo si yo chwazi w.
  2. Prepare dokiman kalifikasyon ou yo
    • Si yo chwazi w, ou gen 7 jou pou soumèt dokiman w yo. Konsidere prepare kopi dijital yo pou voye pa imèl – si yo chwazi w!
  3. Ranpli pre-aplikasyon an
    • Si ou te aplike ane pase a – chwazi opsyon 'koneksyon' anlè adwat paj aplikasyon an epi konekte avèk imèl ak modpas ou te itilize nan pwogram pilòt la.
    • Yo pral poze w kèk premye kesyon: non, adrès, dat nesans ak enfòmasyon pou kontakte w.
    • Apre sa, w ap gen pou verifye imèl ou a atravè yon lyen envitasyon – tcheke dosye tenten ou an!
    • Lè ou klike sou lyen envitasyon ki nan imèl ou a, y ap dirije w sou pre-aplikasyon w lan epi y ap mande w pou kreye yon modpas epi reponn kèk lòt kesyon.
    • Lè ou fin fè chak etap pre-aplikasyon an, klike sou soumèt
    • Ou pral resevwa yon imèl konfimasyon ki di ou te soumèt pre-aplikasyon ou an.
    • Si ou pa resevwa konfimasyon an, ou pa soumèt pre-aplikasyon ou an. Tcheke etap yo nan kont ou an oswa kontakte sèvis kliyan an pou jwenn èd.
  4. Seleksyon
    • Tout pre-aplikasyon ki kalifye yo antre nan tiraj chak mwa, dezyèm lendi chak mwa.
    • Si yo chwazi w, w ap resevwa yon imèl k ap mande w pou soumèt dokiman kalifikasyon yo.
    • Soumèt dokiman ou yo nan 7 jou apre ou fin resevwa imèl la
    • Yo pral egzamine dokiman yo nan 10 jou ouvrab apre yo fin resevwa yo.
    • Si ou bezwen plis klarifikasyon, ou ap resevwa enstriksyon pa imèl epi ou gen 7 jou anplis pou reponn.
    • Ou responsab pou tcheke bwat resepsyon ou epi reponn anvan dat limit pwogram nan.
    • Si yo pa chwazi w, y ap mete w otomatikman nan tiraj chak mwa kap vini yo.
  5. Dokiman kalifikasyon yo
  6. Rabè yo te bay
    • Si dokiman ou yo apwouve, ou ap resevwa ranbousman ou kòm yon kòd pa imèl.
    • Rabè yo valab pou 60 jou ouvrab apati dat yo te bay yo a.
  7. Jwenn yon détaillant apwouve
  8. Chwazi bisiklèt elektrik ou a
  9. Rachte rabè ou a
    • Ou p ap resevwa lajan dirèkteman. Okontrè, w ap montre kòd rabè w la bay machann nan lè w achte bisiklèt elektrik ou a epi valè rabè a ap redwi sou pri total bisiklèt elektrik la. Ou bezwen montre yon pyès idantite tou pou pwouve rabè a se pou ou. Yo pa ka transfere rabè yo bay lòt moun. Si non idantite w la pa koresponn ak non aplikasyon w lan, kontakte pou sèvis kliyan

Ki gen tèt